Pozisyon Abelson Gros Nègre, sou fenomèn ensekirite a nan peyi Dayiti

899

Yon vrè maryaj Popilasyon ak Militè e PNH kapab diminye flewo gang sa nan peyi DAYITI.

05-31-2023

Pou sa rive fèt fòk Wo Kòmandman Polis la depolitize, sa vle di, retire kesyon se Premye Minis ki kwafe CSPN nan paske tout tan li ret konsa, DGPNH tizè pòs yo pap janm bay randman vre, menm lè anpil polisye konsyan, ta motive pou bay bon sèvis pou kwape gang yo. Nou dwe konnen tou objektif kèk gwo chèf nan PNH la pap janm lòt ke fè politisyen yo plezi, ki plis kwè nan alimante gang pou yo konsolide pouvwa yo, daprè Abelson Gros Nègre

Kilè yon vrè batay nan lanmou fratènèl ap fèt san fòs kote pou depolitize PNH la, pou nou sove peyi a? Kilè Wo Kòmandman PNH la ap sispann bay pòs an zanmitay pandan se konpetans ki te dwe prime? Kilè chak responsab nan echèl PNH la, ap respekte limit yo?

Nan kèk jou ankò PNH la pral fete 28 lane kreyasyon l, ki diskou konvenkan ak bilan pou yon PNH ke tout peyi a repoze sou do l, pandan bandi bay tout yon popilasyon bout teren, e pyès moun pa epanye anba flewo gang yo, ke politisyen patwon yo, gang ekonomik yo, ak polisye gang ki asèpte kopere ak gang pou yo sove po yo, ak sila ki vann nanm yo bay gang pou l fè lajan?

Moun kap batay pa mouri! Se Moun kap batay ak konviksyon ki fè listwa!

Une police, une patrie, nous sommes unis dans un même esprit; travaillons tous dans l’amour et la paix pour protéger et servir la nation!

Viv AYITI! Viv yon PNH depolitize!

Yon jou lap jou!

Abelson Gros Nègre dit: Sage le grand “AG83”

Comments are closed.