Peyi Kanada anonse yo pral bay Ayiti jarèt ak plizyè lo materyèl pou ede PNH la ak deblozaj gang yo.

994

250 motosiklèt, 300 radyo ak 10 dwon, se kantite materyèl peyi Kanada pral bay peyi Dayiti nan entèval 2 mwa kap vini la yo.

07-26-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou fè tankou y’ap ede pèp ayisyen an rezoud pwoblèm ensekirite a, premye minis Kanada a, Justin Trudeau, anonse y’ap onore pwomès yo gras ak espwa yo te bay gouvènman defakto Ariel Henri a, nan mwa mas ki sot pase a.

Pou makiye fenomèn ensekirite a, peyi Kanada pral remèt PNH la, 250 motosiklèt, 300 radyo ak 10 dwon, ke yo pretann ki pral goumen kont yon latriye gwoup gang kap woule machin blennde.

Yon lòt bò, diplomat Sébastien Carrière ki tap pale, fè konnen yo deja mete 13 milyon dola disponib,10 milyon pou achte materyèl yo epi lòt 3 milyon an, pral bay jarèt pou konbat kòripsyon. Antouka, elas! Se yon veritab rizib! Ayiti pa Ikrènn!

Comments are closed.