Senlwidinò: Doktè Franky Cidieu prezante difikilte lap rankontre nan dispansè kominotè Laperyè a.

839

07-01-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRibLAND) Doktè Franky Cidieu, nan yon rankont avèk laprès prezante diferan pwoblèm l’ap rankontre nan dispansè kominotè Laperyè a.

Yon dispansè ki lokalize nan zòn periferik, pou sèvi moun ki pi vilnerab yo, ap fonksyone san konkou ministè Sante Piblik nan seksyon an. Estrikti medikal la, ki egziste sèlman sou non, ta dwe sèvi 7 a 8 mil peyizan. Dispansè medikal Laperyè, genyen sèlman yon pèsonèl sante kap sèvi tout popilasyon an ki pa sispann tonbe malad chak jou ki jou.

Doktè Franky Cidieu

Doktè Cidieu mande responsab yo nan ministè Sante Piblik rekrite moun nan dispansè a; konsa, pou bay pitit peyizan yo sèvis medikal. Epidemi, asistans fanm gwòs, malaria, pwatchwòkò, se latriye peripesi sa yo ke popilasyon Laperyè a ap konfwonte.

Popilasyon an nan kominote Laperyè swete wè ministè sante pran te kal konsyans fas ak revandikasyon yo atravè bezwen dispansè a ki tonbe andefayans akoz resous, daprè doktè Franky Cidieu ki tap depoze.

Comments are closed.