Me ki sa TRiboLAND konnen sou rezilta patyèl ankèt DCPJ a sou asasinay Monferrier Dorval la

297

09\26\2020

  • Rapò ankèt Direction Centrale de la Police Judiciare (DCPJ) a trè patyèl e otè entèlèktyèl (la) oubyen (yo) poko janm dekouvri.
  • Monferrier Dorval, 64 lane, juris chevron, doktè an dwà, profesè an dwà konstitisyonèl nan plizyè inivèsite e batonye lòd avoka yo nan Pòtoprens te jwen lanmò li anba bal asasen nan vandredi swa kit e 28 out 2020 lakay li nan Perin 5, Petyonvil, touprè rezidans Repiblik la, Jovenel Moise.
  • Modlet Sénégeau alyas Abidy, Mackendler Fils-Aimé, Dunes Vilpique alyas Jah ak Valery Dort deja arete e nan kalabous nan kad ankèt sou asasina Me Monferrier Dorval la.
  • Ankèt patyèl la revele ke asasen yo te kache e rete ap tann viktim nan nan antouraj lakay li avan pou yo te antre an aksyon.
  • Bureau des Affaires Criminels (BAC) estime li nesesè pou otorite Lajistis yo lage yon “mande pote vini” dèyè yon sèten Markenson Charles alyas Kobra, Gerson Laurent alyas Ti Luc / Louko, Richelet Augustin ak Johnny Toussaint pou prezume patisipasyon yo nan yon seri zak malonèt ki devwale nan ankèt la.
  • Daprè konkluzyon ankèt la, moun tankou Modlet Sénégeau alyas Abidy, Mackendler Fils-Aimé, Markenson Charles alyas Kobra, Dunes Vilpique alyas Jah, Richelet Augustin, Gerson Laurent alyas Ti Luc ou Louko, Johnny Toussaint ak lòt reselè te fè tèt yo pase kòm yon asosyasyon malfektè pou asasine batonye, Monferrier Dorval lakay li nan Pèlerin 5, 28 out dènye.
  • Bureau des Affaires Criminels (BAC) estime ke li nesesè pou genyen yon ankèt adisyonèl ki kapab deniche oubyen boske otè entèlèktyèl krim ak mobil asasina Me Dorval la.
  • Daprè yon dokiman ke BAC soumèt bay komisè gouvènman an, sikonstans ki anviwonnen lamò Me Monferrier Dorval la, montre ke zak la pa komèt pa aza; li montre se te yon zak ke asasen yo te byen planifye e elabore.
  • Yo touye Me Dorval san ezite e yo te asure yo ke yo krible li kote pou li pa soti an vi. Konsa, yo pran yon seri bagay pèsonèl li, daprè ankèt DCPJ a ki fè eta ke batonye a te pran nan yon anbuskàd. Se yon ekip malfektè ki chwazi touye li volontèman avèk premeditasyon.
  • Pami bagay pèsonèl asasen yo te pran, ou jwen telefòn selulè li ki te genyen yon ti kat SIM ki anrejistre avèk konpayi Digicel.
  • Analiz yon seri done nan telefòn Me Dorval yo ki sòti bò kote Digicel pèmèt anketè yo ale jis nan filyè moun ki tap itilize ti kat SIM nan sou numero 4727-4747 ke yo te transfere (samdi 29 out 2020) nan bwat telefòn nan yon ti bout tan aprè asasina a.
  • Ankèt yo montre egalman ke moun ki tap itilize bwàt telefòn nan te lokalize nan Petyonvil. Anplis, enfòmasyon yo montre ke numero a te anrejistre nan konpayi a 9 jiyè 2020 sou non Abidy Ségeau ki fèt 25 desanm 1985.
  • Analiz yo pèmèt ke yo dekouvri tou ke detantè numero 4727-4747 la te lokalize nan zòn Juvenat ak tout reselè yo.
  • Sispèk ke DCPJ entèroje nan asasinay Me Monferrier Dorval la, pa konfese. Sepanda, Mackendler Fils-Aimé konfime ke numero 4727-4747 la ke yo te jwen nan bwàt telefòn Me Dorval la se te pou li.
  • DCPJ deklare preske tout moun sispèk ki enplike nan asasina Me Dorval la ap fonksyone nan blòk Juvenat e yon enplike nan yon seri zak kriyèl tankou asasina Jean Baptiste Euzebe ak tantativ asasina Robert Alexandre, 18 jiyè 2020 pase.
  • DCPJ fè konnen nan konsiderasyon ankèt li fè a, done yo gen eleman konvenkan ki kapab jistifye enplikasyon presume endividi tankou: Markender Fils-Aimé, Modlet Sénégeau alyas Abidy ak Dunes Vilpique alyas Jah nan asasina Me Monferrier Dorval.

Comments are closed.