Siklònn Dorian pwan fòs e lap avanse sou Bahamas avèk yon kategori 5

0 293

FLORID_(TRiboLAND) Siklònn Dorian pwan plis jarèt ankò. Li soti nan kat 4 pou rive nan kat 5 jodi dimanch 1Sèptanm nan. Kat 5 ki se nivo ki pi wo sou lechèl ki itilize pou mezire fòs siklònn. Selon dènye pwevizyon metewolojik Sant Nasyonal Siklònn ameriken yo (NHC), Dorian genyen yon souf maksimòm van vante san rete 160 kmh e kapab touche Bahamas pandan joune a.

Pou maten, ouwagan a 35 kilomèt zònn Ès Lil Gran Abako nan Bahamas, e a 225 kilomèt Ès West Palm Beach, Florid. Pwevizyonis ameriken yo pwevwa Dorian ki se yon siklònn ki trè danjere kapab fè anpil moun kriye ak dega katastwofik pandan ke li kontinye ap avanse sou Bahamas.

Leave A Reply