Nouvo Sekretè Jeneral lekòl Dwa Gonayiv la fè yon jij Depè fè konsta sou kantite materyèl yo jwenn nan lekòl la

462
1
Share:
TRiboLAND


08 – 01 – 2024

Gonayiv, Ayiti _____(TRiboLAND) Sa pa genyen lontan depi yo nome li kòm Sekretè Jeneral lekòl Dwa Gonayiv la, Mèt Jean Kenson Pierre fè jij Depè Daniel Pierre fè konsta kantite materyèl ki gen nan enstitisyon an.

Daprè detay nouvo Sekretè Jeneral la, yo jwenn 3 jeneratris ki anpàn, yon otobis ki anpàn, pa gen chèz ak biwo, sal enfòmatik la pa fonksyonèl, divès vit nan bati an kraze ak divès lòt bagay ki manke. Sekretè a deklare ke yo fè travay sa yon fason pou evalye ki sa-k genyen, yon fason lè yap fè rekizisyon pou konnen sa yo dwe mande.

Lekòl Dwa a gen yon lòt konsèy Direksyon ki gen nan tèt li Mèt Chadrac Saintil ki te enstale 3 jiyè pase a, ak Mèt Jean Kenson Pierre kòm Sekretè Jeneral, gen anpil chans pou enstitisyon an ranmase eskanp figi li sitou aprè divès eskandal.

Share:

1 comment

Leave a reply