Kòniyon nan toubiyon ak dyare: plis pase yon trantèn moun mouri

891

11-15-2023

Kòniyon, Ayiti_______(TRiboLAND) Komin Kòniyon, ki tou pre repiblik Dominikèn, ap pran anpil lakilbit ak yon epidemi dyare kap sakaje popilasyon an pandan plizyè semèn, malgre gwo rele “pote sekou” sitwayen konsène yo.

Selon sous medyatik ak medikal yo, genyen plis pase plizyè douzèn kretyen vivan ki deja mouri. Moun sila yo mouri, swit ak dyare san rete ansanm ak absans ti moso asistans enfwastriti medikal ki pa genyen nan kanton tankou pwemye ak dezyèm seksyon Boukan Bwapen ki pami zòn ki pi afekte yo. Pou anpil moun, se ta sanble yon dram kolera LONI an ki ta deja ap layite nan Kòniyon.

Antouka, chay soti sou tèt, pou tonbe sou zepòl! Se yon veritab dram pou Kòniyon, ki pa sispann voye sinyàl detrès bay yon seri dirijan koupyon krizokal e gagotè, ki sèmante pou pa valorize lavi sitwayen anndan peyi Dayiti.

foto: Netalkolemedia

Comments are closed.