Asosyasyon ansyen elèv Lise Phillipe Guerrier nan Okay lanse pwosesis pou rekonstwi enstitisyon an

08 – 01 – 2024
Okay, Ayiti ______(TRiboLAND) Asosyasyon ansyen elèv Lise Phillipe Guerrier nan Okay, lanse inisyativ pou rekonstwi entitisyon an a ki te kraze nan tranbleman tè 14 dawout 2021 an. Inisyativ sila soti nan moman yon group ansyen elèv tap reflechi nan lane 2023 pou gade ki sa yo ta dwe fè pou enstitisyon an.
Regroupman sa ki gen nan tèt li Ulrick Jean-Claude kòm responsab mobilizasyon, mande sipò tout ansyen elèv Lise Phillipe Guerrier a pou materialize yon parèy objektif. Daprè Linda Carrié ki se youn nan responsab relasyon piblik yo, yap gen yon aktivite 17 dawout kap vini la pou lanse ofisyèlman òganizasyon an.
Linda kontinye pou di, regroupeman an konsène tout elèv; kit yo soti nan pwomosyon ki apèn soti a, pou rive nan premyè pwomosyon an. Inisyatè yo fini pou di, nan kad bat bouch ak Laprès, yo pa vle Lise Phillipe Guerrier nan Okay pase menm jan ak divès lòt ki kraze depi nan tranbleman tè 2010 la, ki pa janm rekonstwi.






