Pati Politik ASE enstale yon nouvèl kòdinasyon kominal nan depatman Latibonit.

07 – 11 – 2024
Gonayiv, Ayiti___(TRiboLAND) Nan prezans plizyè patizan ak senpatizan, dirijan Pati Politik ASE a, ansyen depite Cholzer Chancy enstale jounen mèkredi 10 jiyè 2024 la, yon nouvèl kòdinasyon kominal nan depatman Latibonit peyi Dayiti, notaman nan vil Gonayiv.
Estrikti sa a ki genyen anviwon 17 manm nan site Lendepandans lan, genyen kòm misyon remobilize ak sansibilize plis moun pou vin entegre pati politik la, ki se “Alyans pou yon Sosyete San Eksklizyon”.
N’ap raplew ke, ansyen majòjon chanm depite a te fè chwa madam Vertilus Louisette, pou mennen bak pati politik ASE a nan vil Gonayiv.






