Yon nouvo delege depatmantal enstale nan depatman Latibonit lan jounen madi 16 janvye 2024 la.

978

01 – 17 – 2024

Gonayiv, Ayiti____(TRiboLAND) Gouvènman defakto Ariel Henri a nan peyi Dayiti, kòmanse ak operasyon pase men nan tèt delegasyon yo. Madam Elizabeth Jacques, se nouvo delege depatmantal ki enstale jounen madi 16 janvye 2024 la. Li ranplase nan pòs sila, César Tchawell ki te deja pase anviwon 2 lane nan tèt delegasyon an.

Seremoni an te dewoule nan prezans divès gwo palto nan site Lendepandans lan tankou : prezidan ajan egzekitif enterimè vil Gonayiv la, vis-delege, direktè depatmantal, lapolis ak lajistis poun site sa yo sèlman.

Nouvo delege depatmantal Latibonit lan, Madam Elizabeth Jacques, nan moman enstalasyon li a, remèsye premye Minis defakto a e pwomèt li pral kolabore ak direktè depatmantal yo pou avansman depatman an.

Comments are closed.