Pòdpè ap pèdi tè agrikòl li yo: yon menas ki riske konpwomèt ti sekirite alimantè mèg la

396
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti ______ (TRiboLAND) Vil Pòdpè ap konfwonte yon kriz ki pa sou fòm manifestasyon oubyen pètibasyon politik, men ki riske mete rejyon an ajenou: disparisyon progresif tè agrikòl yo. Zòn ki te kabap pwodwi e nouri yon latriye kominote, vin pi plis itilize pou konstriksyon, san oken sousi pou devlopman pwodiksyon agrikòl.

Youn nan egzanp ki pi fwapan se zòn Nan Orèl, nan site Kapwa Lamò a. Nan kèk ane sèlman, tè ki te konn pwodwi mayi, pwa, manyòk oswa bannann vin tounen espas kote kay ap monte youn sou lòt. Sa ki plis enkyetan, se ke sa fèt ak konplisite oubyen silans otorite lokal yo ki souvan bay otorizasyon pou bati sou sa ki te espas agrikòl.

Ayiti se yon peyi kote agrikilti te toujou okipe yon plas santral nan lavi ekonomik ak sosyal sosyete a. Men malerezman, nan absans desizyon reflechi, se tè agrikòl yo ki ap disparèt an premye. Pandan tan sa, popilasyon an ap ogmante, chanjman klimatik ap afekte rekòt, epi grangou ap ogmante chak jou ki jou.

Sekirite alimantè ap deteryore, pandan espas pou plante ap diminye chak ane; kouman nou pral nouri popilasyon an demen? Ki jan Pòdpè ap kapab arive kenbe yon minimòm otonomi sou plan alimantè si li oblije konte sou manje ki soti lòt kote, ki pafwa inaksesib?

Otorite lokal yo, ki ta dwe asire pwoteksyon patrimwàn agrikòl la, pa mete oken limit sou konstriksyon anachik ki fèt sou yon seri tè arab. Sak pi rèd la, se yo menm ki pwofite ap fè kòb sal nan siyen pèmisyon pou konstriksyon ilegal, san konsidere konsekans lan alontèm.

Nan anpil lòt peyi, gen lwa ki rezève espas pou agrikilti, ak politik pou ankouraje pwodiksyon lokal. Men lakay nou, se priyorite ekonomik kou tèm ki domine, sou baz pwofi rapid, sou do jenerasyon kap vini yo. Anplis, swadizan moun ki nan domèn edikasyon, ap plis anfavè koupe yon pye bwa, yon fason pou jwen espas pou konstriksyon, yon pwatik kriminèl ke anpil peyi penalize.

Nou pa ka kontinye pèdi tè kap nouri nou yo san reyaksyon. Se pa sèlman yon kesyon agrikilti, se yon kesyon siviv. Gouvènman lokal ak nasyonal, sektè prive, ak òganizasyon sosyete sivil yo dwe mete tèt ansanm pou konbat yon parèy pratik, daprè òganizasyon ITDP.

Share:

Leave a reply