Mityèl solidarite se yon zouti divès moun nan Lagonav itilize pou bouske lavi

07 – 11 – 2024
Lagonav, Ayiti _____(TRiboLAND) Mityèl solidarite “Aprann viv” se yon zouti moun Lagonav itilize pou chanje lavi ekonomik yo sou zile a. Yon group moun nan abitasyon Boukan Lama ki trouve-l nan 6è seksyon Titans te pran inisyativ sa nan lane 2017 avèk 13 mil Goud.
7 lane aprè, mityèl solidarite “Aprann viv” ki genyen nan li : sòl, sabotaj, e tipa pou-n site sa yo sèlman genyen anviwon 54 manm ak yon fon woulman plis pase 500 mil Goud.
Gras ak mityèl solidarite sila, divès moun nan zile Lagonav pa sispann degaje yo dirèk ou endirèkteman nan aktivite ekonomik pou chanje lavi yo ak fanmiy yo.
Mityèl solidarite “Aprann viv” se yon egzanp konkrè ki moutre tèt ansanm moun sou zile Lagonav, li fè pati 8 mityèl rasin devlopman pral akonpaye nan kad inisyativ “kore solidarite”.






