Yon poto EDH reprezante yon gwo danje nan Ri Dumasai Estimé Pòdpè

200
0
Share:
TRiboLAND



07 – 31 – 2024

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Divès sitwayen nan Ri Dumasai Estimé nan vil Pòdpè, zòn Legliz Ebenezè ak divès moun ki toujou pase nan ri sila lanse yon SOS bò kote responsab EDH pou yon poto elektrik nan zòn lan ki reprezante yon gwo danje pou yo.

Poto elektrik sila panche prèske tonbe, se sèl yon branch fil ki kenbe-l. Anpil moun gen gwo kè sote pou pote sa pa ta gen chans gen tan tonbe; yon sitiyasyon ki kapab koze anpil danje nan yon katye ki si popilè.

Nap raple pou tout moun ki toujou ap swiv TRiboLAND yo, andeyò poto ak branch fil yo ki nan move sitiyasyon nan vil Pòdpè, se depi nan final Koupdimond 2022 a moun nan site Kapwa Lamò a jwenn yon ti kal kouran EDH.

Share:

Leave a reply