TRiboLAND An Aksyon reyalize premyè Jounen fòmasyon li sou Karelaj

2,150

09-15-2022

“TRiboLAND An Aksyon” kap travay sou lobedyans TRiboLAND.com, reyalize premyè jounen seminè sou karelaj nan vil Pòdpè, lokalite Démelus.

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Se jounen jedi 15 septanm 2022 a, “TRiboLAND An Aksyon”, lanse premyè jounen seminè sou karelaj li, ki jwenn sous finansman l bò kote TRiboLAND.com ak mesye Eddy Janvier.

Pou kòmanse premyè jounen an, plis pase 80 aprenan te reponn prezan nan lide pou vin resevwa fòmasyon sila.

Aprenan kite vrèman kontan pou fòmasyon sa a, mande ak kòdonatè Jeneral la pa dekouraje ak bèl inityativ sa a, paske si te gen pou pipiti 5 moun nan nòdwès ki tap ede jèn yo nan nivo sa a, se pa zam yo tap kenbe.

TRiboLAND : yon jèn yon metye!

Comments are closed.