Plizyè sitwayen kapwa kap viv nan peyi lòt bò dlo, deside ede plase lanp panosolè nan plizyè katye lakay yo nan Kap Ayisyen

825

11-09-2023

Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Plizyè sitwayen kapwa kap viv nan peyi lòt bò dlo, deside ede plase lanp panosolè nan plizyè katye lakay yo nan vil Kap Ayisyen. On gwo jès anpil moun estime ki louab e ki ta dwe diplike nan plizyè vil pwovens, sitou peyi a pa genyen gouvènman.

Zanmi tout plim ak kalite, kap viv nan peyi lòt bò dlo, arive mete tèt yo ansanm, pou ofwi plizyè katye lakay nan vil Okap, tigout ekleraj apati yon seri enstalasyon yon latriye lanp panosolè. Objektif la, se arive wè kòman yo kapab pwokire zòn sila sa yo tikal ekleraj, yon fason pou yo kapab toujou sonje ki sa ki rele limyè nan yon moman elektrisite ap disparèt anba gouvènabilite medyòk yon seri dirijan ou politichyen ayisyen kap panse nan nivo Mwayen Naj.

Zanmi sila yo, ki soti nan diferan katye nan dezyèm vil peyi a, patikilyèman nan Ri 20 L-M, Ri 17, 18 A jiska F, Ri 19, 20, 21 A jiska Q, vle rele chalbarik dèyè dekou fè nwa. Ankò, yon gwo kout “Chapo” pou dyaspora ayisyèn nan, ki rete kwè “Lakay se lakay”!

Comments are closed.