Komin Jakmèl selebre 326 lane ekzistans li jodi dimanch 28 jiyè 2024 la

07 – 28 – 2024
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Komin Jakmèl selebre 326 lane ekzistans li jounen dimanch 28 jiyè 2024 la, sou tèm “Jakmèl ant fragman e memwa”.
Nan okazyon 326 lane selebrasyon komin Jakmèl la, divès aktivite te òganize; pami yo: fwa agwo – atizanal, plizyè aktivite kiltirèl an prezans minis touris la, reprezantan biwo depatmantal komès la, sektè touris la, plizyè pèsonalite nan leta a, sosyete sivil la, ak diferan kouch moun nan popilasyon an.

Nan okazyon sila, komin Jakmèl ki te bèl e fre pase Lasirèn te montre yon lòt fwa ankò se li ki genyen kle estetik la pami tout vil yo nan peyi Dayiti; li pa pèdi bo te ke li te toujou genyen nan tan lontan an.
Nap raple, aktivite yo te dewoule san oken ensidan nan komin Jakmèl, depatman Sidès peyi Dayiti.






