Otorite Dominikèn yo anonse yo arete plizyè konpatriyòt ayisyen nan Pak Nasyonal Los Haitises.

826


05 – 08 – 2024

Santiago, R. Dominikèn____(TRiboLAND) Nan kad yon seri operasyon ministè piblik ak defans peyi Repiblik Dominikèn mennen, yo anonse yo mete men nan pat kasav anviwon 433 konpatriyòt ayisyen nan Pak Nasyonal Los Haitises.

Dapwè enfòmasyon otorite nan ministè anviwònman peyi vwazen rann disponib, konpatriyòt ayisyen sa yo ta jwenn arestasyon yo pou tèt yo ta ka komèt divès kalite enfraksyon kont anviwònman nan plizyè zòn pwoteje.

N’ap raplew nan dènyè jou sa yo, konpatriyòt nou yo pa sispann viktim vye zak malonèt anba men otorite rasis nan peyi Repiblik Dominikèn, pami yo, vyolasyon yon ti moun 16 lane.

Comments are closed.