Ansyen depute Arnel Bélizaire rankontre jounen jodi madi 20 me a ak laprès nan objektif pou lave tèt li

Jakmèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Ansyen depute Arnel Bélizaire te rankontre ak laprès maten madi 20 me 2025 la pou eksplike epi pote presizyon sou sa k te rive li kote lapolis te arete li 30 avril pase a nan vil Jakmèl aprè katchouboumbe li te genyen ak yon dam. M. Arnel Bélizaire kalifye arestasyon li a tèt koupe ak yon anlèvman avèk konplisite Lajistis.
Fas ak dedomajman yo, fanmi ansyen pwizonye a, peye yon total 2 milyon 500 mil goud pou liberasyon li (2 milyon vèse sou kont bank avoka dam nan, plis 500 mil goud bay kabinè avoka ki tap defann li a). Bélizaire nan konferans lan, kritike konpòtman otorite jidisyè yo nan jiridiksyon an konsènan dosye li a e konte pote plent devan CSPJ, OPC ak ministè Jistis e mande lòt moun ki viktim pou rejwenn li.
Anil kritik pa manke mete ansyen depute a, ke anpil moun estime, kòm yon ti bat kò, ki toujou vle fè aktiyalite pou granmesi. Lòt moun, estime ke mesye Bélizaire toujou ap chwe viktim, sitou chak fwa li poze yon seri aksyon ki anti-sosyàl, kòm ansyen depute yon peyi. Yon deklare egalman, se akoz vwa dlo ki genyen nan Lajistis, ki fè reselè toujou chèche yon seri mwayen ak pretèks mètdam, pou mete’l deyò.
Enfòmasyon yo ta sanble fè eta de yon kout magogo ki bay, ki arive mete ansyen depute Bélizaire deyò. Kritik yo rabat pou yo di, “Chèche yon kote mete’l”; popilasyon ayisyèn nan fatige ak yon parèy konpòtman ki trè souvan endezirab ou anti-sosyàl ki ta sanble pa inosan nan agoni peyia.






