Gouvènman ayisyen resevwa yon twazyèm kagezon materyèl medikal

0 326

Pòtopwens___(TRiboLAND) Èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture chaje yon lòt fwa ankò jounnen jodi Mèkredi 13 Me 2020 ak yon twazyèm kagezon materyèl ak ekipman medikal kòmande ki soti nan peyi Lachenn.

Ankò yon fwa, Minis Sante Piblik ak Popilasyon Dr. Marie Gréta Roy Clément te deja nan ogadavou pou resevwa twazyèm stock materyèl ki genyen ladan l: 123 550 konbinezon, 1 300 000 mas chirijikal, 27 350 blouz ak 112 240 lunèt.

Sa pagen lontan, gouvènman Ayisyen an te resevwa yon dezyèm kagezon materyèl medikal nan kad pou reponn ak batay kovid-19 la ki kòmanse ap vale teren atravè peyi a.

Leave A Reply