Bandi sangwen nan Vilaj Dedye bwile yon lòt fwa ankò yon anjen lou (backhoe loader) lapolis.

05-22-2023
Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Mwens nan yon semèn bandi sangwen kap simaye dèy nan popilasyon ayisyèn, arive ensandye 3 gwo veyikil lapolis ki te fasilite operasyon mache pran bandi yo sou bisantnè a.
Konsa, yon lòt fwa ankò, bandi koure yo mete do atè yon anjen lou (backhoe loader) lapolis ak cocktail molotòv, jounen lendi 22 me 2023 a.
Li enpòtan pou sinyale, kondiktè veyikil sila ki te toujou ede fòs lòd yo kraze plizyè kay sangwen nan vilaj, te gentan chape poul li.






