Yon manm konsèy prezidansyèl la, transpòte an ijans an Repiblik Dominikèn.

291
0
Share:
TRiboLAND


07 –  21 – 2024

Pòtoprens Ayiti ___(TRiboLAND) Manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), Leslie Voltaire transpòte an ijans an Repiblik Dominikèn nan fen jounen samdi 20 jiyè 2024 la.

Reprezantan fanmi lavalas la nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon lan, Leslie Voltaire ki nan dènye jou sa yo ki pa gaya, oblije travèse an ijans lòt bò lizyè akòz sitiyasyon sante li ki degrade e ki merite yon entèvansyon rapid.

Konseye Neslie Voltaire fè maladi pwostat depi yon bon bout tan, pandan li kontinye ap travay ak tout maladi a, Selon sa pwòch li yo ta deklare.

Nap raple, Leslie Voltaire ak Edgar Leblanc Fils, se inik 2 manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki ta sanble pa enplike nan vann pòs ou kòripsyon.

Share:

Leave a reply