DCRSN : Yon nouvo Pati politik debake nan Nòdwès e mande KTP a bay talon li.

547
0
Share:
Triboland

Nòdwès, Ayiti______(TRiboLAND) Yon nouvo pati politik ki pote non “Debout Citoyen Pour Le Rapatriement de la Souverainté Nasyonale” (DCRSN), fè aparisyon li jounen madi 15 jiyè 2025 lan, nan depatman Nodwès peyi Dayiti.

DCRSN gen syèj sosyal li nan Pòtoprens; se ansyen minis Jistis la, Me Lucmane Délile ki se Sekretè Jeneral li e Me Cédieu Eliantès, kowòdonatè depatmantal. Atravè yon konferans pou laprès, responsab DCRSN yo, te tou pwofite fikse pozisyon pati a sou fason manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ap mennen bak peyi a. Selon nouvo kowòdinatè a, Me Cédieu Eliantès, KPT a te pran nesans atravè yon akò ki te enplike plizyè pati politik, nan dat 3 avril 2024.

Kidonk, Me Eliantès raple, KPT a te gen misyon pou retabli sekirite answit òganize bonjan eleksyon anndan peyi a. Anpil moun kapab remake, se sou antite initil sa yo ke gang yo anvayi plis espas anndan peyi a, san konte lot deriv ki pa danse kole ak bòn gouvènans.

Devan tout konsta grav sila yo, pa gen wout pabwa! KPT an dwe bay talon l pou fè plas ak yon dènye tranzisyon ki pou sekirize peyi a, òganize san magouy eleksyon pou renouvle pèsonèl politik la, daprè Me Cédieu Eliantès ki tap depoze.

Share:

Leave a reply