Fritz Alphonse Jean, nouvo prezidan KPT a ki kèlke èdtan enstalasyon li deklare gang teworis yo lagè avèk yon lapli dwonn

681
0
Share:
TRiboLAND

03 – 07 – 2025
Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè plizyè elikoptè batayè tap paweze byen bonè maten vandredi 7 mas 2025 lan nan syèl ble kapital la, Pòtopwens. Aktivite sa yo ki kreye anpil panik, rive nan moman Fritz Alphonse Jean tap enstale kòm prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon yo nan tèt pouvwa tranzisyonèl.

Antouka, nan moman enstalasyon nouvo chèf Deta a, basyon gang teworis yo resevwa yon lapli dwonn kamikaz ki kreye gwo panik nan kan sangwen yo ki gen gwo kakarèl. Enfòmasyon yo ta fè konnen, dwonn kamikaz yo sible diferan zònn estratejik teworis yo tankou Dèlma 6, Vilaj Dedye, Belè, Fò Nasyonal, Koridò Basya ak Wàf Jeremi.

Fwap dwonn lapolis yo ki oblije anpil annafè ap gade anlè, koze gwo dega ak tranble janm nan kan san sal yo; konsa, nan yon odio kap sikile sou rezo sosyàl yo, chèf kriminèl asosyasyon “Viv Ansanm” lan, Jimmy Cherisier alyas “Barbecue” ki ta sanble anba gwo panik nan moman atak dwonn kamikaz yo, pat manke afiche laperèz ak mo sal nan kad lapè ak rekonsilyasyon ke yo ap pwone yo. Yon lapè ki toujou genyen vwa dlo ak rizyèz e miltiplikasyon zak teworis yo sou inosan malere nan popilasyon an. Anpil moun estime, teworis yo deja travèse liyn lapè a atravè yon seri krim ak aksyon moun pa janm wè nan je imanite.

Antouka, pandan ke teworis yo ap veye “me dodo anlè kap vini”, popilasyon pa dwe pran nan divèsyon gang yo ki ta sanble pran sant lanmò yo ak “dodo” kap swiv yo depi anlè, kèlkeswa kote yo ap sikile nan kapital la. Nouvo medikaman sila, ki fè je gang san sal yo ap mande lapè, bay bonjan rezilta. Konsa, pou anpil moun ki bat bwavo ak kontantman, swete wè afeksyon kamikaz yo kontinye ap mete kichòy nan bouchon sangwen yo ki pa merite menm pwizon.

Yon lòt fwa ankò, lapolis fè djapòt! Anpil gwo bwavo pou yon parèy travay ki pote bonjan lespwà pou pèp ayisyen an ki alagoni!

Share:

Leave a reply