Kochon sèvi po flè sou chan avyasyon Pòdpe-a

0 346

Depi djab pòtko kaporal chan aviation an tounem yon kominal kote se kochon kap fè “la pluie et le beau temps” li tounen yon poubel paske se la yo jete tout kalte fatra se la tou mesye kap travay lanwit yo vin jete matyè fekal. Moun nan zònn nan preske paka respire: tout ma labou ap kale marengwen, vè ak limon e pesònn moun pa di anyen.

Konsa, yon group jèn ki fè pati AJPCA (association des jeunes progressiste pour le développement du champ d”aviation) mete de men nan tèt pou rele anmwe sekou paske yo pa santi yo ka viv nan yon kondisyon konsa ankò. Malgre plizyèo fè plizyè demach bò kote swadizan otorite konsene yo tankou MTPTC, Lameri, delegasyon, envirònman ak sante piblik poun site sa yo sèlman yo poko janm di yo anyen absoliman anyen; aloske se la avyon toujou kontinye ap desann.

Yo kritike swadizan LETA ayisyen ki fè yon devyasyon kote wout la pase sou chan an ki se yon veritab danje paske se la timoun lekòl ap moute desann, epi yo wè se kalanje yap kalanje ak wout prensipal la. Mesye dam sa yo pwomèt yon gwo leve kanpe si tout fwa responsab san kalifikasyon kontinye ap fè prèv de moun ki demode e enkonpetan. Yo kritike tou Pastè ki gen legliz sou chan an ki pa deside chita avèk yo pou wè ki mwayen yo ka netwaye anvirònman an.

Nap raple gen plis pase yon 10 ènn legliz kap pweche Levanjil Kris la sou chan avyasyon an alòske situation an ap vinn pi grav chak jou bondye mete. Ki donk ni leta, ni lidè relijye yo rete ap gade degradasyon yon espas kit e fè fyète Nòdwès sitou lè gwo gwo avyon boing lapòs ak misyonè ap ateri.

Tout sa esplike absans leta ki pa egziste e kretinism moun ki pa gen fakilte pou yo antre ni panse lè yo nan swadizan bwàt leta. Se tankou mete yon avèk kanpe epi kap esplike moun ki kote wout la ye! Mezanmi kote lidè ak sitwayen Nòdwès kap fè gran chire nan Pòtopwens ak nan Dyaspora-a!

Jehrbson Petit, Triboland

Leave A Reply