Dewoulman egazamen 9èm ane fondamantal : enspeksyon eskolè Tigwav ak Gran Gwav la deja pare

420
0
Share:
TRiboLAND


07 – 21 – 2024


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Tout preparatif yo deja fèt nan biwo enspeksyon eskolè Tigwav ak Gran Gwav la, pou dewoulman egzamen 9èm ane fondamantal pou ane akademik 2023 – 2024 la. Egzamen yo fikse pou lendi 22 jiyè a, dapwè enspektè prensipal biwo a, Jean Mario Gibbs nan kad yon interview li akòde TRiboLAND maten samdi 20 jiyè 2024 la.

Enspektè prensipal biwo a, deklare sou 4.000 kandida ki te enskri pou Tigwav ak Gran Gwav, genyen sèlman 3 ladan yo ki pa jwen fich. Egzamen an pral dewoule, nan 18 sant, nan Tigwav ak Gran Gwav; 16 sant pou Tigwav e 4 sant pou Gran Gwav.

Lendi 22 jiyè nan maten kandida yo pral evalye nan Kominikasyon Fransèz, Syans Sosyal. Madi 23 kandida yo pral konpoze nan Kominikasyon Kreyòl, Syans Sosyal ak Anglais. Mèkredi 24 jiyè, yo pral fè Matematik ak Espagnol, selon deklarasyon enspektè Mario.

Enspektè prensipal biwo enspeksyon eskolè nan nivo Tigwav ak Gran Gwav, Jean Mario Gibbs, lanse apèl bay tout paran yo, pou egzije candida patisipan yo antre lakay yo. Konsa, yo antann yo ak lapolis pou mete anba kòd tout elèv ki ta lage kò yo nan fè briganday tout kalite ak inifòm sou yo nan lari Tigwav ak Gran Gwav.

Share:

Leave a reply