Lajistis nan jiridiksyon Okay entèdi ansyen komisè Ronald Richemond ak 6 ajan sekirite kite peyi Dayiti.

312
0
Share:
TRiboLAND

07 – 21 -2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon lèt jij denstwiksyon nan Tribinal Sivil Okay la, mèt Jean Michelet Séïde ekri direktè Imigrasyon an nan Pòtoprens, Jean Oslin Lambert rekòmande li pran bon jan mezi pou anpeche ansyen komisè pakè Okay la Ronald Richemond ak tout 6 ajan sekirite polisye li yo kite peyi Dayiti.

Jij Jean Michelet Séïde ki deklare genyen yon ankèt ki louvri sou dosye asasinay defen jounalis Tess Gary nan jiridiksyon Okay la. Mèt Séïde fè konnen ke tribinal la genyen endis sou esplikasyon moun sa yo nan lanmò Tess Gary, tankou èsk komisè Ronald Richemond, polisye Jean Wilken Tiogène, polisye Jean Michel Montumer, polisye Elisma Waikel, polisye St Georges Alcide, polisye Alextanley Orérus ak polisye Patrick Clervil.

Nap siyale, jij denstriksyon nan Tribinal Sivil Okay la, mèt Jean Michelet Séïde deklare genyen yon ankèt ki louvri nan kad dosye asasinay defen jounalis Tess Gary a, pandan li presize tout tan ankèt la pa abouti, ansyen komisè Ronald Richemond ak tout 6 ajan sekirite polisye li yo pa kapab kite peyi a.

Share:

Leave a reply