Aprè yon èdtan lapli, vil Pòdpè anba dlo pou yon nyèm fwa

469
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti________(TRiboLAND) Se sèl yon mirak papa Bondye ki kapab arive epanye vil Pòdpè anba dlo, sitou nan moman siklonik lan.
Konsa, yon lòt fwa ankò, site Kapwà Lamò a ap neye anba dlo aprè yon èdtan farinay lapli pandan lanwit 9 jen 2025 lan. Enfòmasyon yo fen konnen, trant minit aprè lapli te kòmanse tonbe nan vil la; li pat pran anpil tan pou Metropòl Nòdwès plonje anba dlo.

Plizyè katye vilnerab ki poko menm fin pase dènye tribilasyon inodasyon desanm ane 2024 yo, pat pran tan pou rele pote sekou. Zòn defavorize tankou, Dewoulen, nan Kasav, Wonpwen, Nan Demelis ak Site Masko, yo tout ap neye anba dlo akoz jesyon kokorat konpayi fantòm TPTC ak absans total Lameri depi prèske 10 lane.

Antouka, obsèvasyon yo montre ke enstans konsène ki fè tèt yo pase kòm otorite prezan-absan, pa antreprann oken inisyativ nan kad preparasyon sezon siklonik lan. Konsa, vil Pòdpè resevwa yon lòt rakle move tan, ki okazyone popilasyon an ap viv yon sitiyasyon djak sou djak. Plizyè enstitisyon tankou lekòl ak legliz (Collège Georges Sylvain, Collège Martin Luther King) pase pran Lòj Repiblikèn nan inonde.

Anpil moun nan majorite popilasyon an, chwazi pa fè apèl ak swadizan otorite fantòm yo nan vil la, ale wè pote bòl ble yo bay KPT kòriptè ak gouvènman Didier Alix Fils-Aimé a ki te deja fè yo latriye pwomès ak asistans ou apezman sosyàl depi sou premye inondasyon mwa desanm dènye yo, ki jis jounen jodia pa janm materialize.

Nap raple, popilasyon pòdepezyèn lan repwoche gouvènman Didier Alix Fils-Aimé a, kòm iresponsab, ki te voye yon ekip mesaje nan vil Pòdpè aprè inondasyon mwa desanm dènye yo. Selon kritik yo, demagòg yo te delivre “pwomès Bondye Bon”, e aprè mache pòs yo, jiskaske yo woule Nòdwès nan farinn. Konsa, pèsòn moun pat janm tande absoliman anyen nan sa ki te genyen pou wè avèk asistans sosyàl ou imanitè jis jounen jodia.

Share:

Leave a reply