Fòs sekirite kenyann yo boukante pou premye fwa kout zam ak bandi sangwen yo nan mitan Pòtopwens

07 – 17 – 2024
Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Fòs sekirite kenyann yo mete pye yo atè nan tèt kole ak polis ayisyènn yo afronte bandi sangwen yo nan mitan kapital Pòtopwens lan, aprèmidi mèkredi 17 jiyè 2024 la.
Konfrontasyon sila ki te dire plis pase 45 minit boukantaj kout zam, ta pral kanpe nan moman youn pami 5 machinn blende mark Maxxpro sòlda kenyann yo te tonbe anpann. Konsa, operasyon an te oblije diskontinye; yon deriv ou yon echèk ki kesyone nivo preparasyon MMSS la.






