Ou pa yon moun ki espesyal, men ou se yon moun senp ki kapab fè yon pakèt bagay espesyal

0 415

Anpil nan nou ta renmen supèsta, pou yon moun wè nou oubyen pwan nòt de tout sa nap fè e menm ban nou yon ak rekonesans ou yon tap sou zepòl pou rekonpanse sa nou fè. Antouka, sa gen dwa pa janm fèt; sepandan, sa pa vle di tou ke sa ou fè a li pa valab e li pa genyen yon pwi rekonesans sou li.

Pèsònn moun pa espesyal nan grenn zye BonDye. Nou tout te kreye avèk yon abilite pou nou kapab pwodwi. Sa yo pa janm montre nou se pwodwi nan yon pwen kote ke nou pa bezwen ap kouri dèyè rekonesan ou rekonpans pou sa. Lè ou fè sa ou kapab fè paske ou dwe fè li, rekonpans lan se yon pwogresyon ki soti nan abilite a. Lè ou itilize sa ke ou konnen pou fè sa ke ou kapab e an retou yon lòt moun yon lòt kote benefisye-l, sa se rekonesans ou rekonpans.

Nou tout ta renmen wè moun apwesye e rekonèt kontribisyon nou nan monn sa. Nou dwe apwann rekonèt pwòp valè nou menm avan monn lan kapab reponn bezwen nou yo. Anpil nan nou ap plante grenn nan, men pap jamè wè pye bwa-a. Kèk nan nou ap kapab rekòlte, men pap jamè konnen ki lès ki te plantè-a. Anpil lòt ap kapab manje plant lan, men se yon lòt moun yap peye ki pou kwit li. Konsa, lè tout pwosès sa fini, lè sa nou tout ap rekonpanse epwi tou rekonèt kòman pwosès la te espesyal pou nou tout.

Sajès Lakay, TRiboLAND

Leave A Reply