Moun nan popilasyon Miragwàn, manifeste kont Pierre Espérance ki mande revokasyon komisè Jean Ernest Muscadin

87
0
Share:
TRiboLAND

07 – 08 – 2024

Miragwàn, Ayiti ___(TRIBOLAND) Moun nan popilasyon Miragwan patikilyèman nan lokalite Chalon, manifeste lendi 08 jen 2024 la, pou denonse entansyon Pierre Esperance kap reklame revokasyon komisè Jean Ernest Muscadin nan tèt pakè Tribinal Miragwàn nan kòm kwa lap vyole dwa moun.

Mafestan yo, ki te pakouri divès ri ak fèy bwa nan men yo, t’ap lanse gwo pawòl piman bouk kont sekretè jeneral Rezo Nasyonal kap Defann Dwa Moun (RNDDH), mesye Pierre Espérance ke yo kalifye chèf gang, lè li chwazi mande nouvo minis jistis ak sekirite piblik la, mèt Carlos Hercule pou pran desizyon revoke komisè Jean Ernest Muscadin paske lap vyole dwa moun nan jiridiksyon Miragwan, pandan pwotestatè deklare Pierre Espérance genyen yon plan pou touye tout pèp nan depatman Nip peyi a.

Sepandan, popilasyon nan Vil Okay nan depatman Gransid la, pa sispan’n egzije arestasyon ansyen chèf pakè a, Ronald Richemond ki apèn revoke nan tèt pakè Okay.

Nan yon interview kap sikile sou rezo sosyàl yo, komisè Jean Ernest Muscadin denonse atak k’ap fè sou li yo. Li deklare ke genyen anpil nan annafè sispèk k’ap reklame revokasyon’l lan , se yon seri moun ki konnen ke li entèsepte nimewo telefònn yo, sou telefònn yon seri bandi ke yo nan konfyolo avèk yo.

Share:

Leave a reply