Fondasyon TRiboLAND kòmanse ak premye jounen fòmasyon li sou konfeksyon sandal ak valiz nan lakolite Lavaud gratis ti cheri.

984

Fondasyon TRiboLAND nan Nòdwès peyi Dayiti kontinye ap miltipliye fòmasyon li yo gratis ti cheri sou fabrikasyon valiz ak sandal atizanal pou yon entèval 3 jou nan lokalite Lavaud, komin Pòdpè.

12-26-2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND )Nan lide pou kontinye batay kont fenomèn delenkans jivenil nan depatman Nòdwès la, Fondasyon TRiboLAND deside fòme jèn fanm ak jèn gason pou sabote fenomèn ensekirite a kap debouche sou yon apezman ekonomik ak sosyal.

Nan sans sa a, plizyè vil ak divès seksyon kominal nan peyi Dayiti deja jwenn benediksyon Fondasyon an. Gras ak yon ekip trè motive e tèt kole, anviwon 53 jèn ki sòti nan divès katye ak lòt zòn avwazinant yo deja reponn prezan nan premye jounen an pou vin aprann konfeksyone sandal ak valiz.

Premye jounen seminè a te dewoule nan legliz de Dieu Christ Vivant, nan riyèl la Hatte la, anba lobedyans fòmatris Ermithe Lami, yon pwodwi natif TRiboLAND.

Estaf TRiboLAND lan te deja disponib byen bonè maten madi 26 desanm 2023 a, pou te vin demare ak 3 jounen fòmasyon yo k ap gen pou fini nan dat jedi 28 desanm k ap vini la a. TriboLAND pa sèlman yon medya kap enfòme; men li antre byen fon nan aktivite sosyal e manifeste yon panchan san kondisyon pou bay jènn atravè peyi Dayiti anpil jarèt atravè fòmasyon gratis tout kalite.

Comments are closed.