Lafrans deklare ke li pare pou li diskite otonomi Gwàdloup

2,194

11/27/2021

Pari_____(TRiboLAND) Peyi Lafrans deklare ke li pwèt pou li diskite otonomi tèritwà karaibeyen fwansè a Gwàdloup, si tout fwa sa nan avantaj bab e moustach popilasyon gwàdloupeyèn an, selon sa minis Sebastien Lecornu rapòte nan Pari.

Nan dènye jou sa yo, bonèt Gwàdloup avèk Matinik te chavire. 2 tèritwà fwansè sa yo te konnen anpil dezobeyisans sivil, zak vyolans ak pwotestasyon kont yon seri dispozitif ki genyen pou wè avèk Kovid-19 la.

Paralèlman, nan sousi pou reponn yon video kap paweze sou rezo sosyàl yo e ki montre plizyè elu lokal nan Gwàdloup ap klewonnen kesyon otonomi ak batiste tèritwà a, minis Lecornu deklare: “Gouvènman fwansè a pwèt pou li ta chita avèk konsène yo. Pa genyen move deba, sitou lè deba yo vize pou rezoud pwoblèm moun Gwàdloup ap fè fas chak jou”.

Se youn pami yon nich inisyàtiv ke gouvènman fwansè a konte pran nan Gwàdloup tankou grese sere pou swenyàj sante, kreyasyon djòb pou jènn yo ak gwo pwojè enfwastrikti.

Comments are closed.