AFRIK DISID: Plizyè Lidè Afriken mobilize pou yo asiste inogirasyon Prezidan Cyril Ramaphosa

0 256

Jwanèsbou (Triboland) Se pwèske tout kontinan Afriken-an ki debake nan Afrik Disid nan lide pou asiste inogirasyon prezidan Cyril Ramaphosa. Chèf Deta tankou RDC, Uganda, Soudan Disid, Tannzani, Lesoto, Zimbabwe, Eswastini san konte plizyè lòt pote boure pou sipòte inogirasyon nouvo Chèf Deta peyi Mandela-a. Ramaphosa kòm depite an chèf, se youn nan moun ki te konnen sèvi swa kòm medyatè oubyen fasilite gwo koneksyon biznis avèk anpil nan peyi sa yo. Anplis, Ramaphosa te chèf defil nan delwòtonnen diskisyon sou eleksyon RDC mwa Desanm pase-a.

Nan lane 2014, Ramaphosa ki tap jwe wòl depite an chèf, te enfektye yon voyaj ko te li te sèvi medyatè nan yon konfli nan peyi Soudan Disid. Konsa, li te pèmet plizyè opozan te jwenn yon akò lapè ak sispann chire pit. Yon akò ki ta pwal pèmèt Riek Machar retounen soti nan egzil.

Antouka, li nòmal pou aktyèl prezidan Soudan Disid-la, Msye Salva Kiir fè pati gwo zotobwe dinyitè sa yo ki pwal asiste inogirasyon Ramaphosa nan youn nan gwo estadyòm Afrik Disid ki rele Loftus Versfeld. Li definitivman nòmal tou pou yon moun tankou prezidan Felix Tshisekedi antre yè swa nan Afrik Disid pou yon parèy evenman.

Prezidan Uganda-a Yoweri Museveni, prezidan Tannzani John Magufuli san konte rwà Lesotho-a Letsie III ansanm ak rwà Eswatini-an Mswati III ap fè ak de prezans.

Credit photo: jacarandafm.com

Leave A Reply