Lapolis nan komin Petyonvil poze lapat sou yon chèf gang ak yon polisye ki t’ap penpennen abò yon machin vit tente.

06 – 25 – 2024
Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis nan kapital peyi Dayiti kontinye kanpe an dan di kont bandi sangwen yo. Jounen madi 25 jen 2024 la, ajan polisye yo ki pap dòmi fouke 2 gwo koure nan Petyonvil pami yo, yon chèf gang ak yon polisye 33 zyèm pwomosyon.
Dapwè Enfòmasyon ki rive sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, chèf gang sangwen an ak tout polisye 33 zyèm pwomosyon sila ta fè pati gang Chrisla k’ap opere nan ren kapital la.
Nouvèl yo ta fè kwè, aprè polisye yo te fin mare kou krab 2 gwo koure sa yo, ta va genyen yon bakòp bandi ki ta vini an ranfò pou libere yo, pami moun ki te ak bandi sa yo genyen, yon polisye ki pote non, Mikmik.
Nan moman n’ap pale la, gras ak vijilans rès inite nan lapolis la nan tèt kole ak popilasyon an, gwo koure sa yo toujou mare nan komisarya Petyonvil la.