Lig Foutbòl Pòdpè a lanse jodi dimanch 07 jiyè 2024 la 3e edisyon chanpyona entèzòn nan depatman Nòdwès peyi Dayiti.

07 – 07 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Lig Foutbòl Pòdpè a lanse ofisyèlman 3èm Edisyon Chanpyona Entèzòn nan depatman Nòdwès peyi Dayiti. Konsa, aktivite roule balon mate nan gòl yo ap demare jodi aprèmidi dimanch 07 jiyè 2024 la.
Dapwè enfòmasyon responsab Lig Foutbòl la mete deyò, 3èm Edisyon Chanpyona Entèzòn nan pral demare ak anviwon 20 ekip kote ekip ki chanpyon an pral gen pou resevwa anviwon 1 milyon goud.
Randevou deja kase pou Pak Kapwa Lamò nan Pòdpè, kote Lig Foutbòl Pòdpè a pran angajman fè balon woule pandan li deja mete disponib plizyè gwoup mizikal pou popilasyon an vin yaya kò li.