Inyon Jounalis yo nan Nò peyi Dayiti, di li pran ak pwopozisyon Jacques Derosier pou reprezante sektè pwès la, nan CEP a
07 – 08 – 2024
Kap-Ayisyen, Ayiti ___(TRiboLAND) Inyon Jounalis yo, nan Nò peyi Dayiti (IJNH) nan yon lèt yo voye bay SOS Jounalis ki date samdi 06 jiyè 2024 la, deklare yo pran ak, de pwopozisyon Jacques Derosier pou reprezante sektè pwès la, nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP).
IJNH deklare yo respekte kapasite ak entegrite konfrè yo Jacques Derosier, fè yo swete eksprime prewokipasyon yo, kan yo fè chwa yon sèl òganizasyon pou reprezante yo. Konsa yo presize, Kòporasyon Jounalis yo dwe di mo pa yo, nan pwosesis la, yon fason pou seleksyone yon pèsonalite pou reprezante sektè pwès nan CEP a. Toutfwa,
Inyon Jounalis Nò peyi Dayiti (IJNH) deklare sa fè lontan chwa pou reprezante sektè pwès la nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, toujou fèt san konsiltasyon Asosyasyon Pwès yo nan vil pwovens yo.