Yon pickup Sen Lwi Dinò tonbe nan yon falèz maten an tou pre komin Chansòlm

2,155

Chansòlm, Pòdpè______(TRiboLAND) Yon pickup Sen Lwi Dinò ki tap soti nan komin Chansòlm byen bonè maten madi 22 mas 2022 an pou antre nan vil Pòdpè, tonbe nan yon falèz maten an ant Obè ak Pon Sèten (nan koub la tou pre kote rezidan yo abitye pwize ti gout dlo), komin Chansòlm.

Pickup la ki matrikile TQ-15728 te sou wout an direksyon Pòdpè lòske chofè pèdi kontròl veyikil la nan yon koub e patine tonbe nan yon gwo tou. Selon Céant Ospère ki se yon manm FSTTNO ki te sou plas nan moman aksidan an ki okazyon chofè fwàpe men ki gayan sou pye e yon lòt pasajè ki arive soti sen e sof.

Konsa, plizyè gason sekourè ap miltipliye bwàs yon fason pou arive redrese e retire machin nan gòj la, yon sityasyon ki pa parèt fasil ak itilizasyon kòd tradisyonèl.

Comments are closed.