Lapolis mete anba kòd Marcelin Myrtil anpil moun konnen sou non Arab

91
0
Share:
TRiboLAND

07 – 07 – 2024

Dèlma, Ayiti ____(TRiboLAND) Marcelin Myrtil alyas “Arab” se yon evade prizon nan moman bandi te atake Penitansye Nasyonal 2 mas 2024 dènye a. Lapolis fouke Arab jounen dimanch 07 jiyè 2024 la, nan zòn Dèlma 43, nan moman li te sot bay yon konferans pou Laprès nan okazyon 3è anivèsè komemorasyon lanmò ansyen Prezidan Jovenel Moise.

Lapolis tap chèche Arab la tankou chyen fou aprè evazyon 2 mas ki sot pase a.  Arab la te jwenn arestasyon-l sou ansyen komisè Gouvènman Pakè Okay Ronald Richemond pou ensite vyolans, konplo kont site enteryè Leta.

Arab la ki arete ak tout chofè moto-l pou konnya nan gadavi komisarya Petyonvil, jiskaske swivi yo fèt. Li te yon prizonye politik ki te chaje enfliyans sou rèy PM defakto Ariel Henri avan menm yo te arete-l. ‎

Share:

Leave a reply