FÈT IMAKILE NAN PÒDPÈ, MEN KÒMAN MOUN YO WÈ LI POU LANE SA!

424
0
Share:
TRiboLAND

12 – 07 – 2023

Popilasyon an nan vil Pòdpè fè konnen, pa gen pyès moun ki pral vin pale yo de fèt IMAKILE.
Yo pale konsa paske, pou yo :

Lavi a vin pi chè, alòske manje se yon eleman estraòdinè, ensekirite fè pa gen okenn tranzaksyon woutyè ki ka fèt pandan ke otorite yo fè yon silans simityè.

Yo deklare, yo menm, yo pa nan zen fèt, sitou avèk yon sitiyasyon maswife konsa ! E pa gen okenn otorite ki fyab ou moun kapab pran oserye nan vil sa ki rele Pòdpè a.

Divès sitwayèn ak sitwayen ale pi lwen pou di, « si yon moun ta wè yon otorite nan vil la ta pran mikwo pou l pale nan lide pou li pwononse sou fèt Imakile, konnen se yon lamàn ekonomik ki tonbe nan men yo, yo bezwen jistifye li. » Fen sitasyon !

Sepandan, mitan vil la toujou chaje ak labou, fatra ak dlo ki toujou ap dòmi e ki anpeche moun evakye ak okipasyon yo.

N ap fè w konnen, nan kad mobilizasyon ki konn genyen pou fèt IMAKILE, pou lane sa a, se yon desepsyon total kapital. Kòmsi pa gen egzistans bagay konsa nan vil Pòdpè.

N ap raple w, Delege Depatmantal Nòdwès te fè konnen li pa wè tèt li kòm otorite ki pral asiste lamès pou fèt patwonal “IMAKILE Konsepsyon” nan jan sitiyasyon sa ye la!

Share:

Leave a reply