Bandi kokorat san ras yo kidnape Enspektè Divizyonè PNH Pele Dominique

Gonayiv, Ayiti _____(TRiboLAND) Klima ensekirite a frape ankò nan depatman Latibonit. Daprè yon videyo ki viral sou rezo sosyal yo, Enspektè Divizyonè Pele Dominique, ki se yon gwo kad nan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), tonbe nan men bandi ame Kokorat San Ras.
Nan videyo a, bandi yo ki tap entevyoure enspektè a, anonse yap tann desizyon gwo chèf yo nan kowalisyon gang viv ansanm lan, pou yo konn kisa yap fè ak enspektè a.
Enspektè Dominique se yon natif natal Ti Grav, li te afekte nan tèt Komisarya Gonayiv la, yon pòs ki souvan nan vizaj atak gang ame kap opere nan Latibonit. Kidnaping sa a konsidere kòm yon gwo kout souflèt pou otorite sekirite yo, nan yon moman kote PNH ap eseye reprann kontwòl nan rejyon an.
Plizyè vwa nan sosyete sivil ak nan mitan popilasyon an mande pou otorite yo pran tout mezi nesesè pou jwenn liberasyon san kondisyon Enspektè Pele Dominique. Yo raple tou jan Latibonit vin tounen yon zòn wouj, kote bandi kontinye simaye laterè, kidnape ak asasinen sitwayen san okenn respe pou lalwa.
Pou anpil obsèvatè, zak sa a se yon tès dirèk pou kapasite PNH ak gouvènman an pou retabli otorite Leta nan Latibonit, pandan popilasyon an kontinye viv ak kè sote.






