Pozisyon kritik reprezantan MOPOD branch Nòdwès la sou reprezantasyon BINUH nan Peyi Dayiti.

992

Madan Lalime kreye gang ak sapat nan peyi Dayiti, nan lide pou bay asasen ki nan pouvwa yo plis jarèt. Se deklarasyon Mèt David Jn-Baptiste.

04-21-23

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Pou reprezantan MOPOD branch Nòdwès la, pèp ayisyen an pako janm wè anyen, lè’l soulinye misyon ansyèn chèf BINUH an, se te pou anpwazone peyi a ak gang. Gang nan lajistis, nan lapolis, G9 an fanmiy manyen yonn manyen tout, ak divès lòt kò gang ak sapat, se bilan ansyèn reprezantant lan nan peyi Dayiti.

Pou Mèt Jn-Baptiste David, ranplasan l lan, Isabelle Salvador, pral vin chavire dènye ti degout dlo a nan vaz la, lè’l konsidere yon plan byen kadre ak yon misyon machyavelik, plis kriminèl entènasyonal la vle enplante andedan peyi a ak rive nouvèl chèf BINUH an.

Mèt David Jn-Baptiste nan sans sa a, envite popilasyon an swiv agresivite bandi yo depi arive chèf BINUH an nan peyi Dayiti. Bandi ap boule kay ak tout kretyen vivan, moun ap tonbe anba bal, moun ap kouri kite zòn yo pasi pala, nan kabarè, Sous Matla, Akayè, Meyòt, Laboul 12, poun site sa yo sèlman; se mounen pyès pèp ayisyen anba men entènasyonal la.

Poze kesyon pou konnen, èske pèp ayisyen pap reyaji? Reprezantan MOPOD la mande ak popilasyon ayisyèn bay yon repons bourik ak rès moun sa yo kap souse san peyi a.

Comments are closed.