Moun Jakmèl bay yon endividi bwa kale nan vòlè sak pa pou li

311
0
Share:
TRiboLAND


06 – 12 – 2024

Jakmèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Moun Jakmèl bay yon jèn gason bwa kale maten mèkredi 12 jen 2024 la, aprè yo te fin kenbe-l nan vòlè sa ki pa pou li.

Zewo tolerans pou bandi ak vòlè, se sa divès moun nan popilasyon an tap repete. Nan dèye jou sa yo, plizyè kay ak biznis kase nan vil Jakmèl. Malgre kèk manm nan popilasyon an te swete pou yo fè endividi a pale pou ta konnen pouki rezo oubyen nan ki rezo asasen lap fonksyone, sa pa enpeche divès lòt moun mete kawotchou epi pweskri li bwa kale.

Nap raple’w, moun Jakmèl pa sispann vijilan pou veye vòlè ak bandi ki vle vin simen latwoublay nan mitan popilasyon an.

Share:

Leave a reply