2 moun mouri, 5 lòt blese nan yon envazyon ki fèt nan prizon sivil Jakmèl depatman Sidès peyi a.

843

03-06-2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 2 moun mouri, 5 lòt blese nan lannwit madi 05 pou louvri mèkredi 06 mas 2024 la, nan vil Jacmel, daprè Direktè depatmantal polis Sidès peyi a, Alexandre Jolicoeur ki konfime nouvèl la.

Direktè depatmantal Sidès la, Alexandre Jolicoeur ki deklare pou kounye la tout bagay rantre nan lòd, tout prizonye yo deja rantre nan selil yo san pwoblèm, selon yon piblikasyon Radio Métronome FM.

Nap raple, depi nan week-end ki sot pase a, bandi ame te déjà kraze pigwo prizon peyi a, Penitansye Nasyonal, kote sou 4.000 ekèk prizonye apèn 99 ki rete nan selil yo, se menm konsta a, pou prizon Kwadèboukè a, sou 3.000 ekèk prizonye, pa menm genyen yon grenn ki rete nan selil li, selon enfòmasyon ki disponib.

Comments are closed.