Moun 3èm seksyon Twouchouchou, kominal Tigwav la, ap pran sakad sinyal telefonik

974

12-24-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Peyizan kap viv nan 3èm seksyon Twouchouchou, kominal Tigwav, genyen gwo difikilte. Nan yon mikwo twotwa ak TRiboLAND medya, jounen samdi 24 desanm 2022 a, deklare yo nan gwo difikilte pou yo kominike ak fanmi yo ki nan peyi lòt bò dlo.

Konsa, abitan yo ki esplike chak fwa pou yo kominike ak fanmi yo ki nan peyi etranje,yo oblije mache anviwon 4 kilomèt pou yo moute sou tèt yon mòn, malgre sa, pafwa yo ale yo pa jwen siyal.

Nan sans sa a, peyizan yo lanse apèl bay responsab konpayi Dijisèl ak Natkom, pou degaje yo tankou Mèt Janjak, pou  vin mete antèn nan 3èm  seksyon Twouchouchou, yon fason pou fasilite yo kominike ak fanmi yo ki nan peyi etranje san mizèrere pou sinyal.

Sepandan, anpil moun mande 2 konpayi sa yo kap pran lajan popilasyon, san bay sèvis pou yo profite, paske Tesla, SpaceX pap pran tan pou vin mete lòd nan dezòd.

JOICY Arnold.

Comments are closed.