Dwayen tribinal premye enstans Jeremi an, fè konnen lalwa pa bay pèsonn fè akdezisteman pou pwan lajan nan men yon prezime kèlkonk kriminèl

02 – 27 – 2026
Jeremi, Ayiti_______(TRiboLAND) Nan yon kominike ke li rann piblik, Dwayen tribinal premye enstans Jeremi an, mèt Jean Michelet Seide, entèdi fòmèlman tout fonksyonè sistèm jistis nan Jiridiksyon Jeremi an, rantre nan konpwomi ak swadizan moun kap negosye ak fanmi oubyen yon viktim kèlkonk, nan pwan lajan nan men yon kriminèl pou libere l sou fòm akdezisteman kay notè.
Pou Dwayen Seide, lalwa pa otorize oken ajan sistèm jistis lan pou fè yon bagay konsa ki pa kadre ak lalwa. Kidonk, dwayen Seide lanse yon pinga baton gayak bay kèlkeswa moun li ye a: swa avoka, notè, jij, grefye, pèsonèl administrative, ministè lajistis tankou konsèy pouvwa jidisyè a, pou pa rantre nan okenn konpwomi ki kapab defye lalwa.






