Aprè ke li te finn atake yon komèsan, ansyen depite Arnel Bélizaire jwen arestasyon li nan Jakmèl

Enel Richard
Jakmèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Ansyen depite Arnel Bélizaire, ki pa janm sispann fè aktiyalite, jwen arestasyon li nan Jakmèl nan maten mèkredi 30 avril 2025 lan. Enfòmasyon ki arive jwen TRiboLAND, fè konnen ke se yon seri ajan UDMO e yon jij depè ki fouke ansyen prizonye. Arestasyon sila, selon yon seri sous ki verifyàb, ta fè konnen ke se aprè yon diskisyon vyolan ki pase nan yon otèl li te desann, kote ke li te atake yon timachann kleren.
Selon kèk temwen okilè, Arnel Bélizaire ta bat timachann nan e menm arive kraze e voye jete ti bak demele malerèz la, aprè ke li te refize yon envitasyon ansyen prizonye a. Malgre rele 2 men nan tèt moun ki te la e ki tap proteste kont move tretman timachann nan, Arnel pat fè lòt bagay ke rale zam sou foul la.
Antouka, ti bat kò a, jwen avèk bouchon li, aprè ke yon avoka ki ta sanble fanmiy timachann nan te oblije ale depoze plent nan komisarya e fasilite arestasyon brigan an. Konsa, anpil moun estime, yon parèy sitiyasyon montre yon lòt fwa ankò vilnerabilite sistèm jistis la ki tolere yon latriye politichyen sangwen ki mete peyia nan sa li ye la, ap jwi enpinite san kè sote.
Pou anpil moun, se twòp atò! Li lè li tan pou lajistis vrèman bay peyia yon souf ak yon parèy bandi ki te deja enplike nan yon latriye deblozaj, ki se yon wont nasyonal e ki komèt twòp abi otorite sou yon seri ti inosan nan larepiblik. Peyi a fatige avèk bagay ki rele Arnel Bélizaire a, daprè Julmiste, yon rezidan nan vil Jakmèl.






