Tris nouvèl : Agwonòm Ernst Jean Philippe, responsab kanpis UNASMOH Jakmèl la, mouri aprè yon gwo aksidan

32
0
Share:
TRiboLAND

11/28/2026

Jakmèl, Ayiti____(TRiboLAND) Agwonòm Ernst Jean Philippe, responsab kanpis Inivèsite Nòdwès Ayiti (UNASMOH) nan Jakmèl, rann dènye souf li jodi samdi 28 novanm 2026 la, aprè yon gwo aksidan sikilasyon li te viktim vandredi 27 novanm nan, sou zòn Breman, nan vil Jakmèl. Lanmò li reprezante yon gwo nouvèl tris pou kominote inivèsitè a, fanmi li ak tout moun ki te konnen li.

Daprè enfòmasyon yon pwòch viktim nan rapòte, aprè aksidan an, Agwonòm Ernst Jean Philippe te entène lopital Saint-Michel nan Jakmèl, kote li t ap resevwa swen. Daprè menm sous la, eta li te grav anpil akoz gwo chòk li te pran nan tèt li pandan aksidan an. Fas ak gravite sitiyasyon an, fanmi an t ap fè demach pou jwenn yon avyon anbilans (Air Ambulance), yon fason pou te kapab transpòte li lopital Pòtoprens pou resevwa swen espesyalize.

Malerezman, malgre efò ki t ap fèt pou sove lavi li, Agwonòm Ernst Jean Philippe pa rive soti vivan anba konsekans aksidan an. Disparisyon li kite yon gwo vid nan mitan fanmi li ak kominote akademik la, sitou nan enstitisyon UNASMOH kote li te responsab kanpis Jakmèl la. Se yon nouvèl ki pote anpil tristès pou tout moun ki te gen okazyon travay ak kolabore avèk li.

Share:

Leave a reply