Sibtiti Komisè Jeir Pierre prezante youn nan prezime asasen pwofesè Alfred Louis a

200
0
Share:
TRiboLAND


06-04-2024

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Sibtiti Komisè Jeir Pierre prezante John Chekspy, youn nan prezime asasen pwofesè Alfred Louis ak tout madanm li nan komin Basen Ble, nan dat 08 janvye 2024.

Daprè Sibtiti Komisè Jeir Pierre, kout filè sa fè nan komin Gonayiv paske li te toujou met antèn sou prezime asasen sila ki t’al kache Latibonit. Nan moman Sibtiti Komisè Jeir Pierre tap prezante prezime asasen an, li te pwofite prezante koulin mesye yo te itilize pou fè krim lan, ak boutèy florida mesye yo tap bwè.

Lapolis ap chèche tou Chancelor Louis ak Siméon Acksèn ki yo menm te patisipe nan zak asasina tèrib la. Pou konnya John Chekspy sou kont Lajistis, se pandan Sibtiti Komisè Jeir Pierre mande lòt mesye yo pou pote tèt yo bay Lapolis paske kèlkeswa kote y’al kache Lapolis ap met men sou yo. ‎

Share:

Leave a reply