Lajistis ak Lapolis nan Aken arete yon Ougan ki te antere yon moun tou vivan

05 – 13 – 2024
Aken, Ayiti______(TRiboLAND) Sibtiti Komisè Gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Lubin nan tèt kole ak Lapolis, mare kon grab yè dimanch 12 me 2024 la, Ougan Wilson Pierre anpil moun konnen sou non “Balans” paske li te antere Leclerc Jean Louis tou vivan nan lakou badji li.

Depi plizyè jou fanmiy ak zanmi Leclerc tap chèche-l tankou chyen fou, avan moun nan zòn lan vin gen soupson se yon sakrifis bòkò a fè avè-l. Daprè sa Sibtiti Komisè Rousseau di nan mikwo Laprès, se vijilans yo ki te fè yo arete 2 moun nan moman yo te jwenn mayo Leclerc, pami yo bòkò Wilson. Lòt endividi a denonse Wilson Pierre ki fè zak malonèt la.
Daprè konsta Jij Dupré toujou, yo dekouvri kò Leclerc nan lakou Ougan nan yon tou ki mare nan yon sak, antere tou kanpe. Lajistis nan tèt kole ak Lapolis pat pran tan pou arete prezime asasen an. SCG Aken fini pou di, moun nan lokalite a toujou pote plent pou malfektè Wilson Pierre ki toujou ap fè zak malonèt, men li toujou ap kache Lajistis. Erezman li nan men yo jounen jodia.






