Gran Bahamas: 2 moun mouri anba bal

0 318

Freeport___(TRiboLAND) Bahamas anrejistre yon lòt 26 ka omisid yè apwè midi ki te Lendi 11 me 2020 an, nan Limewood Lane, nan Gran Bahamas. Polis konfime ke yo te jwen yon 2 viktim.

Pami 2 moun ki mouri yo, ou jwenn Kim Smith, krible anba bal nan moman li tap rete tann nan machenn (Ford Focus ble) li avèk yon viktim gason yo te oblije kouri transpòte lopital e mouri kèk ti tan apwè.

Polis konfime yon genyen enfòmasyon sou idantite asasen an. Yo ap travay pou plis evidans atravè envèstigasyon yo.

Sa gen egalman yon lane, an Me 2019, mari Kim Smith, Jamal Penn te jwen lanmò li ansanm avèk 2 lòt mesye nan yon kay nan echanj kout zam avèk lapolis nan zònn Ès New Providence. Nan moman sa, Kim te jwenn arestasyon li pou posesyon zam ak dwòg.

Leave A Reply